Infòmasyon enpòtan sou Covid-19

Infòmasyon enpòtan sou Covid-19

Tradiksyon et rezime de *DamasCIS* de yon tèks ki pa yon kopi orijinal.. 04-09-2020

Selon Profesè selèb chinwa a : *Dr. Zhang Wenhong* ki t al reponn kesyon sou rechèch global anti-epidemi nan institi rechèch ki nan Huawei.

Pou referans selman men rezime ki t kapte de sa Dr. Zhang di d COVID-19 la.

1- Tanperati: pa espere ke COVID-19 pral disparèt leu tanperati a vin elve. C selman *50 degre C* ki k detwil men anvironman pou tanperati sa a pa posib menm nan rejyon ekwatoryal la.

2. Vaksen: pa espere ke vaksen pou covid-19 ap deyo kounya. Nan moman an c "la Chine et les Etats unis" kap travay pou devlope yon vaksen nan 18 mwa. "La France ak la Chine ap travay ansanm pou eksperimante yon vaksen sou sinj (makak).

3- Tan: Dr. Zhang di covid-19 la ap dire 1 a 2 ane. Yo gen kontwol li pou rejyon azyatik Ès e Sid.
4- Peyi: Dr. Zhang di li enkyete pou peyi End, Amerik di Sid e Afrik paske peyi sa yo gen relativman kondisyon medikal ki devan dèyè e peyi sa yo gen yon sistèm dayèt e nitrisyon ki pòv...

5- prevansyon: 1)Dr. Zhang di li enpotan pou lave men w " souvan. 2) bat pou dòmi ase pa fè ti chif. 3) Menm lew mete mask toujou pran distans lew ap pale ak moun, evite diskisyon an group.

6- Sentom: la fyèv ak tous pa totalman di kew gen covid-19 men ou dwe izole tèt ou pou evite enfekte lòt moun. Men atansyon, siw wè lew ap monte eskalye oubyen mòn ou wèw fèb, tèt ou ap vire, lestomak fèmal pandan ap mache nan yon wout ki pla, al lopital san pèdi tan .

7- Rejim alimantè: 1) Sonje poko gen remèd pou covid-19. Gen chans pou moun ki manje byen e ekilibre - sitou moun ki jèn ka rekouvri ( geri) de maladi sa a. Solisyon an c pran ase proteyin. Men kek nan bagay ou k manje chak jou:
Omwen manje 2 ze bouyi, 2 vè lèt, manje pwason, vyan bèf pou ekilibre rejim alimantè w pou yon jou...

DamasCIS gen lòt rejim alimantè pou moun ki pa manje vyan e swivan kotew ap viv.

8- Rapò sou k covid-19: swivan statistik nan Shanghai peyi "la Chine" timoun ki gen covid-19 yo pa parèt grav ou pa parèt malad.

80% moun ki malad k trete tèt yo si yo byen manje... 20% moun ki malad bezwen terapi oksijèn pou 2 semèn. 2% a 3% moun ki vrèman malad bezwen bon tretman..

9- Aprè tretman: 1) aprè tretman pap gen problem ( *Sequelae ; pulmonary Fibrosis.*) 2) moun ki geri pap enfekte lòt moun. 3) Antikò iminize pa efikas. Disponibilite Antikò a pa garanti ke pap gen problèm.

10- Espas travay: Statistik Shanghai di pa gen ase prèv pou konfime ke moun k pran covid-19 la nan espas ki klimatize. Risk la c nan pran asansè ou rete nan yon ti espas fèmen. Men Ou k ouvri fenet si biwo w genyen sinon mete mask siw nan biwo ak moun.

11-Mask: Siw nan anvironman ki pa riske ou pa oblije chanje mask chak 4 h d tan... Ou k mete mask ou nan soley ( tou 2 bò yo). Pa retire mask ou menm leu ak moun ki bò kote w la pou manje ou fè nenpot bagay.

12- Sante: 1) pa travay trop pandan epidemi sa a, eksè e fatig ap febli imin sistèm ou. 2) bat pou pa pèdi pwa siw deja sexi, bat pou pa trò gro tou. Kenbe yon rejim alimantè ekilibre, fè ekszèsis epi rete kalm e an bon san...

An rezime pran anpil proteyin la semèn, lave men nou souvan, fè ekszèsis, e gade bon san nou...

Tradiksyon rezime dyalog Dr. Zhang sou epidemi covid-19

C yon koutwazi DamasCIS Sponsò Ofisyèl VH...
www.damascis.com


Showing 4 reactions

Please check your e-mail for a link to activate your account.
  • James Roger
    commented 2024-03-27 02:22:44 -0400
    NJ Ticket Lookup by Plate and Name helps you to find your lost NJ traffic ticket. The main purpose of an NJ Traffic Ticket is to pay your traffic fines for speeding or signal jumping, etc. As you lost your generated traffic ticket, get your ticket back by following the guide at https://www.njmcdirect.expert/find-nj-ticket-lookup/. Once you have recovered the traffic ticket number, you can pay your fines easily at NJMCDirect.com or at NJMCDIrect.Expert. Thank you – regards.
  • James Roger
    commented 2023-10-11 06:25:41 -0400
    Are you looking to pay for your traffic tickets? You can pay your traffic ticket online through PayFLClerk at the official page: https://www.payflclerk.page/. It’s a convenient way to take care of your fine without going to the courthouse. Just visit the official website https://www.payflclerk.page/pay-fl-ticket/ and follow the instructions to pay Florida Traffic Ticket Payment.
  • Gina Loiseau
    commented 2020-04-26 20:22:22 -0400
    Très important.
  • Frantz Damas
    published this page in VH-Blog 2020-04-26 20:02:08 -0400