AN NOU FÈ VOLONTARYA DEVNI YON KILTI AN AYITI! Mimonde Metra, Jadinyè.

 

 

Sete toujou pi gro pasyon mwen pou angaje nan devlopman Peyim men mwen pat Konnen meyè fason pou fè sa akoz map viv nan yon peyi ki limite resous epi ki pa ofri tròp opòtinite. Mwen  te panse sim angaje nan edikasyon espesyalman pou anseye timoun sa ka fè yon enpak pozitif nan sosyete a sitou pou jenerasyon kap vini yo. Edikasyon e sèvis sosyal se te toujou pasyon m e pou rezon sa non sèlman mwen travay komanse lendi pou rive vandredi epi nan weekend yo mwen angaje m nan sèvis kominote .Mwen te toujou ap chèche eske gen jèn Ayisyen ki pataje menm pasyon sa avèm. yon jou mwen resevwa yon envitasyon pa yon gran frè mwen ki ap viv etazini, non li se Alfred Metra. Li dim li jwenn yon òganizasyon ki baze sou volontarya e kap sevi nan twa (3) peyi: Ayiti, St. Domeng, Etazini. Aprè li te fini esplike m’ filozofi òganizasyon an, mwen te otomatikman wè sete rèv mwen ki reyalize paske map cheche sa lontan. Mwen te asepte a frèm nan e mwen cheche plis enfòmasyon de òganizasyon an epi mwen entegre. Òganizasyon sa rele Volunteer Haiti, Inc. Se yon òganizasyon ki ofri sipò administratif, profesyonèl e teknik. yo ede gouvènman lokal yo tankou kolektivite teritoryal yo e lòt òganizasyon lokal. Mwen pa yon moun ki gentan men mwen panse depi yon moun bezwen tan ou ka toujou kreye l. Tankou lèm lakay, mwen chwazi li ou byen dyaloge a fanmi ou Zanmi. Mwen panse Okenn moun pa sipoze itilize eskiz pou pa angaje nan sèvis kominote w’, ou byen nenpòt kominote a. Depi lò, mwen angaje nan fè volontarya. Mwen jwen yon paket benefis tankou rankontre nouvo zanmi, voyaje plizyè kote epi profite apran  nouvo bagay pou enrichi konesans mwen .Map envite tout jèn profesyonèl, Etidyan ou byen nenpòt moun nan pou angaje avèm nan Volunteer Haiti. Lè nou ini ansanm ak yon espri kreyativ nou ka reyalize anpil bagay e fè yon enpak pozitif nan vi moun yo e nan kominote yap viv la.

 Mimonde Metra 

29 Mas 2016


Showing 2 reactions

Please check your e-mail for a link to activate your account.
  • Steve Rogers
    commented 2023-11-20 22:44:06 -0500
    Wawa, a well-known convenience store chain, offers its customers an opportunity to provide feedback through a survey called Mywawavisit. By participating in this survey at https://www.mywawavisit.one/, customers can not only help Wawa improve its services but also have a chance to win exciting prizes. These include Free Hoagies for a year, ensuring a satisfying dining experience throughout the year, and a Swag Gift Basket, allowing customers to enjoy Wawa merchandise. By taking part in the survey, customers have the chance to win these prizes while also contributing to the enhancement of Wawa’s offerings.
  • Roguens Stinvil
    published this page in VH-Blog 2016-03-29 23:18:15 -0400