AN NOU FÈ VOLONTARYA DEVNI YON KILTI AN AYITI! Mimonde Metra , Jadinyè.

 

AN NOU FÈ VOLONTARYA DEVNI YON KILITI AN AYITI!

Metra Mimonde, Jadinyè.

Mimonde.png

Sete toujou pi gro pasyon mwen pou angaje nan devlopman Peyim men mwen pat Konnen meyè fason pou fè sa akoz map viv nan yon peyi ki limite resous epi ki pa ofri tròp opòtinite. Mwen  te panse sim angaje nan edikasyon espesyalman pou anseye timoun sa ka fè yon enpak pozitif nan sosyete a sitou pou jenerasyon kap vini yo. Edikasyon e sèvis sosyal se te toujou pasyon m e pou rezon sa non sèlman mwen travay komanse lendi pou rive vandredi epi nan weekend yo mwen angaje m nan sèvis kominote .Mwen te toujou ap chèche eske gen jèn Ayisyen ki pataje menm pasyon sa avèm. yon jou mwen resevwa yon envitasyon pa yon gran frè mwen ki ap viv etazini, non li se Alfred Metra. Li dim li jwenn yon òganizasyon ki baze sou volontarya e kap sevi nan twa (3) peyi: Ayiti, St. Domeng, Etazini. Aprè li te fini esplike m’ filozofi òganizasyon an, mwen te otomatikman wè sete rèv mwen ki reyalize paske map cheche sa lontan. Mwen te asepte a frèm nan e mwen cheche plis enfòmasyon de òganizasyon an epi mwen entegre. Òganizasyon sarele Volunteer Haiti, Inc. Se yon òganizasyon ki ofri sipò administratif, profesyonèl e teknik. yo ede gouvènman lokal yo tankou kolektivite teritoryal yo e lòt òganizasyon lokal. Mwen pa yon moun ki gentan men mwen panse depi yon moun bezwen tan ou ka toujou kreye l. Tankou lèm lakay, mwen chwazi li ou byen dyaloge a fanmi ou Zanmi. Mwen panse Okenn moun pa sipoze itilize eskiz pou pa angaje nan sèvis kominote w’, ou byen nenpòt kominote a. Depi lò, mwen angaje nan fè volontarya. Mwen jwen yon paket benefis tankou rankontre nouvo zanmi, voyaje plizyè kote epi profite apran  nouvo bagay pou enrichi konesans mwen .Map envite tout jèn profesyonèl, Etidyan ou byen nenpòt moun nan pou angaje avèm nan Volunteer Haiti. Lè nou ini ansanm ak yon espri kreyativ nou ka reyalize anpil bagay e fè yon enpak pozitif nan vi moun yo e nan kominote yap viv la.

 Mimonde Metra

29 Mas 2016


Showing 6 reactions

Please check your e-mail for a link to activate your account.
  • james williams
    commented 2024-02-06 21:26:35 -0500
    With the use of a feedback survey, WalgreensListens seeks to get a more diverse and comprehensive understanding of consumer opinions in order to make improvements to the stores.
    https://wallgreenslistens.org/
  • Anthony Edward
    commented 2024-01-15 21:59:36 -0500
    Customers may not only help improve their future in-store experiences by spending a few minutes to take the survey, but they also stand a chance to win enticing gift cards and vouchers that can be used at a later time.
    https://mywaawavisit.us/
  • Steve Rogers
    commented 2023-11-20 22:45:46 -0500
    Wawa, the convenience store chain, offers a valuable opportunity for customers to share their feedback through the Mywawavisit survey. By participating in this survey at https://www.mywawavisit.one/, customers have a chance to win exciting prizes like Free Hoagies for a year and a Swag Gift Basket. This survey provides an avenue for customers to express their opinions and help Wawa improve its services. Participating customers can look forward to a rewarding experience and a chance to indulge in Wawa’s delicious hoagies for an entire year.
  • Roguens Stinvil
    posted about this on Facebook 2016-03-29 22:15:52 -0400
    AN NOU FÈ VOLONTARYA DEVNI YON KILTI AN AYITI! Mimonde Metra , Jadinyè.
  • Roguens Stinvil
    @Roguens1 tweeted link to this page. 2016-03-29 22:15:47 -0400
  • Roguens Stinvil
    published this page in VH-Blog 2016-03-29 22:12:56 -0400